Wednesday, June 24, 2015

Good morning, Mr. Yarborough

I’m late in sharing this, but I got this strange, corny message a few weeks ago from the director of missions in the Episcopal Church:

“Your mission, should you choose to accept it, involves a new placement in the Episcopal Church as a volunteer in mission in Cape Haitian, Haiti. You will be working as a project manager for the stabilization and revitalization of the Centre d’Agriculture St. Barnabas in Terrier Rouge, Haiti, an agriculture center run by the Diocese of Haiti.

What does this mean for you?

Friday, June 19, 2015

Men jan mwen we'l

Apre nouvel South Carolina kote gen yon moun blan ki touye 9 moun nwa andan legliz yo, pemet mwen di yon pawol ki pa jwe. Men li:

Mwen blan e se devwa mwen pou travay kont rasis yo. Kijan map fe sa? Nenpot jan ki posib. Siw konnen yon fason fe'm konnen, tanpri. Map swiv. 

Pou kounyea yon fason se pou mwen pi byen komprann reyalite moun nwa ni Etazini ni nan lot peyi.

Yon lot fason: Mwen travay an Ayiti wi? Se yon peyi ki gen anpil nwa. Men gen blan ki kon visite la e yo pa konnen istwa Ayisyen byen. Se yon istwa ki vreman impotan pou nou komprann byen. Men yo rive isit pou "ede moun pov yo" men yo pa mande sa ki fe moun sa yo pov. Gen yon rezon ki rasis ki fe yo pov. Gen rezon esklavaj, dominasyon, jan Etazini trete peyi sa mal, jan UN pa fe anyen apre yo bay Ayiti cholera... Bagay sa yo se rasis yo ye. Mwen kwe sa. 

Men pou yon blan pou antre Ayiti san yo konnen e komprann bagay say yo byen se yon enjistis pou Ayisyen yo. Se sa mwen panse. Sa montre'm ke istwa moun nwa yo pa impotan pou konnen. Yo nwa. Yo pov. E se jus jan li ye.

Non. Mwen pa aksepte sa. Plizye blan pa we sa. Se pa jus jan li ye. Gen yon istwa ki rasis. Gen yon jounnen joudia ki rasis e tout sa kontribye pou povrete nou we Ayiti, e vyolans nou we Etazini tou...

Mwen pa vle di mwen se yon moun ki pi bon pase lot, ki mwen menm mwen pat kon fe bagay rasis jan mwen pa konnen. Mwen koupab tou. Men mwen al cheche aprann. 

Epi mwen vreman kwe, nan travay ki mwen genyen kounyea antre blan e Ayisyen, ki mwen gen obligasyon pou diskite istwa peyi sa avek tout blan yo. Mwen gen obligasyon pou montre yo se pa jus kon sa li ye. Mwen gen obligasyon pou fe blan yo sispann manje grenn je Ayisyen yo. E mwen espere ke efo ki map fe ap gen bon rezilta pou nou tout. 

Map priye pou Bondye bay mwen fos sa la. Mwen mande tout zanmi Ayisyen e Ameriken pou ede'm komprann pi byen paske #blacklivesmatter Paske deskriminasyon li menm li dezumanize ni moun ki dezumanize men moun kap fe dezumanizasyon tou.

Finalman, map priye pou Charleston.